Black Immigrant Daily News
Nan okazyon 219?m selebrasyon endepandans peyi Ayiti, 1e janvye 2023 a, Asosyasyon kiltir?l Bonjou lakilti ?ganize pou yon dezy?m fwa aktivite <> nan lokal Fransbeda Acad?mie, D?lma 32. Inisyativ sila a ki reyini yon piblik tr? div?sifye pa t s?lman okazyon pou patisipan yo manifeste solidarite ak konsyans patriyotik yo areb? b?l b?l soup joumou cho a, men tou moman kote Asosyasyon Bonjou lakilti te pwofite replonje patisipan yo nan anbyans espozisyon z?v atizanal, prestasyon atistik, div?s jw?t tradisyon?l, tankou : Toukay (yo konnen tou sou non rari, pench), osl?, toupi, titato, ibibi, lido, sote k?d, damye, yoyo, ralba, pou n site sa yo s?lman.
Dapr? responsab Bonjou lakilti yo, aktivite <> enskri l nan yon kad dab? pou make dat premye janvye a (1804) yo konsidere k?m yon patrimw?n pou tout limanite. Se yon fason tou, dapr? Alix Edmond ki se yonn nan inisyat? ev?nman an, pou raple batay istorik zans?t yo ak enpak endepandans ayisyen an sou l?d mondyal ep?k la ki te chita sou esplwatasyon moun, chozifikasyon moun, demounizasyon ak esklavaj. Alix pousuiv pou li raple si te gen yon ep?k nou pa t ka bw? soup joumou an paske n t ap sibi tout kalte privasyon ki te lye ak sist?m esklavajis kolonyal la, jodi a, kesyon bw? soup lib?te a dwe pou tout moun : <>.
F?lix F?cius, prensipal maj?jon Asosyasyon kiltir?l Bonjou lakilti, soulinye nesesite pou tout ?ganizasyon ak Asosyasyon nan lavi nasyonal la jwenn div?s f?mil pou selebre ef? kolektif zans?t nou yo ki te goumen jiska sakrifye lavi pa yo ak ti enter? mesken pou p?m?t nou viv lib, an gran jan, san n pa gen pou n p? p?sonn. Li prezante festivite a k?m yon mwayen pou debouche sou l?t koze : <>.
Dezy?m edisyon <> dewoule nan yon anbyans tr? festif kote patisipan yo te gen chans tande plizy? moso slam, mizik, pwezi pandan y ap degiste b?l pla tradisyon?l sila a ki enskri sou lis patrimw?n limanite UNESCO nan ane 2021 an. Pou f?men moman pataj sa a, pow?t e sosyol?g Il?us Papillon te f? yon kout ent?vansyon ki te touche dimansyon patrimonyal soup joumou an ak nesesite pou Leta kreye bon jan kondisyon sosyo-ekonomik pou soup joumou an pou nou tout toutbonvre.
R?agir ? cet article
NewsAmericasNow.com